F&N ENFÒMATIK BAZIK POU TRAVAY
Salitasyon ak nou tout.
Nom mwen se Fedline St Fleur, Kriminolojis, Teknològ an Gesyon Touris, Antreprenez e mwen gen kapasite nan anpil lòt domèn tankou: Enfòmatik, Maketin Dijital.....
Kou Enfòmatik sa se yon zouti kap oryante kominote HAÏTIENNE nan nan aktive yo chak jou e pèmèt a chak Etdyan genyen kapasite pou itilize aparèy tankou Òdinatè, Tablèt, Telefòn e alèz sou mache travay la.
Fòmasyon sa F&N ENFÒMATIK BAZIK POU TRAVAY, pwale ede ou familyarize ou nan domèn teknoloji a, pou ka itilize aparèy ou yo avèk fasilite e travay ak pwòp konesans wap pran, fòmasyon an ap ba ou posiblite pou ou travay nan nenpòt biwo, sou kès nan super marché yo sitou konsènan tout sa ki gen rapò ak òdinatè. E si ou ta vle wap kapab devni pwòp patwon ou, wap ka kòmanse fè aktivite ou sou telefòn, tablèt ou, telefòn ou pwale ede ou achte òdinatè si ou poko genyen li.
Pa bliye enfòmatik se yon zouti ke chak moun dwe kenbe nan men yo paske li sèvi nan tout domèn. Pa kontinye fè èrè sa pou wap pèdi travay paske ou pa konnen kòman pou ou itilize yon òdinatè. Teknoloji a ap bouje, leve avanse ak li.
Gen bagay ou dwe konnen, sinon se moun wap toujou mande sèvis e yo ka abize de mekonesans ou tou.
Nelson Mandela te kite fraz sa pou nou : Edikasyon se kle ki gen plis pwisan pou ouvè nenpòt pòt.
Èske ou vle granmoun tèt ou ekonomikman ? Èske ou vle bay fwaye ou, pitit ou tan de valè ?
Èske ou ta vle sispann leve nan fredi al travay kay patron ak maladi sou ou ?
Se pa yon rèv, ou nan reyalite a e gen bagay si ou te konnen yo deja ou patap kite patwon ap rele sou tèt ou konsa pou yon salè, men ou tap apran [18:10, 21/08/2026] Fed E Nat Serviços E Viagens: gen sous revni pèsonèl ou, ou ka toujou travay pou patwon si ou vle, men, sepandan fòk ou anplwaye tan ou yo byen pou jere demen ou., vini aprann fè lajan anplis menm pandan wap dòmi.
Sonje sa, reyisit ak siksè pap sot tonbe nan syèl, se rezilta travay ak pèseverans. Mèsi !