Inite Nan Konfli

Français
Image de couverture pour le Ebook Inite Nan Konfli

Viv ansanm tankou yon kominote se yon benediksyon, men li vini ak

defi pa li tou. Pandan nou pataje Emounah/Aderans (lafwa), vizyon, ak

objektif komen, nou ka fè fas ak diferant opinyon, estil lavi, ak

konpreyansyon espirityèl ki ka mennen nan konfli. Sepandan, sa ki fè yon

kominote solid, se pa absans dezakò, men pito kapasite pou jere konfli

ak sajès, lanmou, ak respè youn pou lòt.

Nan liv sa a, nou pral eksplore kijan yon kominote ka jere konfli

pandan y ap chèche kenbe inite ak lanmou. Nou pral fouye pi fon nan

ekriti sakre yo pou nou dekouvri prensip ki gide nou sou fason pou nou

viv ansanm malgre diferans nou yo. Tanakh/Ekriti Saké-a (Ansyen

Kontra) ak Brit Hadasha (Nouvo Kontra) bay nou anpil leson sou

pèseverans, padon, ak respè mityèl ki esansyèl pou konsève lapè ak inite

nan mitan pèp Adonaï la.

Nou pa senpleman etidye prensip sa yo pou ogmante konesans nou;

nou vle mete yo an aplikasyon nan lavi chak jou nou tankou manm Edah

Yeshoua, kote nou chwazi viv ak yon panse ebrayik ki mete aksan sou

shalom/plenitid (lapè), ahavah (lanmou), ak ashdout (inite). Se

avèk objektif sa a nap antreprann vwayaj sa a ansanm, pou nou aprann,

reflechi, epi grandi nan Rouakh/Souf( lespri) ak Emet/verite.

Ke chak paj nan liv sa a ka ede nou pi byen konprann wòl nou tankou

manm kominote Adonaï la epi bay nou zouti pou n jere konfli ak sajès,

lanmou ak respè, toutotan n ap suiv chemen Yeshoua.

Afficher plus
    En savoir plus sur la personne qui a créé le contenu

    Questions Fréquentes

    Le contenu de ce produit ne représente pas l'opinion de Hotmart. Si vous constatez une information incorrecte, signalez-la ici