Agrikilti pou chanjman

Français

“Agrikilti pou Chanjman” se yon gid pratik ki ankouraje Ayisyen yo wè tè yo kòm yon sous manje, travay ak devlopman ekonomik. Liv la prezante teknik senp ak aksesib pou amelyore pwodiksyon agrikòl, jere dlo, pwoteje tè a, chwazi rekòt ki adapte ak chak zòn epi kreye plis revni atravè agrikilti.

Avèk 20+ astis pratik pou chak depatman, liv la vize fanmi, jèn, ti pwodiktè ak tout moun ki vle mete tè disponib pou travay. Se yon apèl pou pase de tè ki pa itilize pou tè ki pwodui, atravè konesans, òganizasyon ak aksyon.