EBRE BIBLIK 14 Leson pou Aprann Li ak Ekri Ebre Biblik.

Français

Lè YHWH te pale ak pèp li a sou mòn Sinay, li pa t sèvi ak tradiksyon. Li te sèvi ak lang li chwazi

pou li menm — lang Ebré Biblik la, Leshon HaKodesh. Lang sa a se pa sèlman yon mwayen pou

kominike; li se kòd espirityèl, li pote limyè, reyalite, ak mekanism selès ki pa vizib nan okenn lòt lang.

Jodi a, anpil kretyen ak jwif messianik ap li Bib la nan tradiksyon, men yo souvan rate sod yo —

sekrè ki kache nan lòd lèt yo, nan konstriksyon mo yo, nan valè nimerik yo, epi nan melodi nannan ki sòti

dirèkteman nan lespri Elohim.

Liv sa a fèt pou tounen ou nan rasin ou. Pou ede ou li, ekri, epi konprann Ebré Biblik — pa grenn

pa grenn, pa etap pa etap, jiskaske ou ka louvri Tanakh ou epi li l nan lang orijinal li.

Men sa ou pral jwenn ladan l:

 14 leson pratik, senp e pwofon, ki mennen ou soti nan Alef rive nan Tav.

 Yon metòd ki adapte pou kreyolofòn ak frankofòn.

 Eksplikasyon sou Nikudim (vokal yo), otiot sofit (fòm final yo), ak estrikti gramatikal

Biblik yo.

 Egzèsis ekriti, lekti ak meditasyon ak vèsè orijinal yo.

Si ou se yon moun ki gen swaf pou Bib la jan li te ekri, sa vle di ou deja pare.

Pa gen pi gwo onè pase aprann pale lang kote Elohim te di “Yehi Or — Gen limyè.”

Se pou leson sa yo vin limyè ou, se pou yo transfòme pa sèlman kapasite entelektyèl ou, men kè ou ak

nasyon ou.

Antre nan leson yo ak kè ou ouvè, ak lespri ou pare. Alef-Bet la ap tann ou.

Frantz L. Doicin

Ediciones Doicin

2025

Afficher plus