Gid imigran ayisyen nan Brasil
Ou fèk rive Brezil? Pa pèdi tan ak lajan ankò.
Gid sa a eksplike an kreyòl senp tout bagay ou bezwen konnen pou kòmanse lavi w nan Brezil:
• Dokiman yo: CPF, Protocolo, RNM, Carteira de Trabalho
• Kijan pou w ouvri yon kont labank epi itilize Pix
• Kijan pou w chèche travay epi fè yon CV
• Kijan pou w itilize SUS (sante gratis)
• Kijan pou w lwe yon kay san tonbe nan pyèj
• Kijan pou w anrejistre pitit ou lekòl
• Kijan pou w ouvri yon ti biznis (MEI)
• Fraz pòtigè itil ak kontak enpòtan
Ekri pa yon Ayisyen ki te pase menm chemen an, ak eksperyans reyèl. Chak chapit gen yon chèklis ak mo kle yo an pòtigè pou w ka itilize yo nan biwo yo.
Enfòmasyon an jeneral. Règ yo chanje, kidonk toujou verifye sou sit ofisyèl yo.
Afficher plus