Maketing Modèn an Kreyòl – Estrateji pou kreye epi Devlope Biznis ou nan Epòk Dijital la
Èske w vle konprann kijan maketing fonksyone nan epòk dijital la?
Èske w vle aprann kijan gwo antrepriz yo atire kliyan, vann pwodwi yo epi devlope mak yo?
Fòmasyon Maketing Modèn an Kreyòl la fèt espesyalman pou ede w konprann fondasyon maketing modèn nan yon fason senp, pwofesyonèl epi aksesib an lang kreyòl.
Nan fòmasyon sa a, ou pral aprann :
* Kisa maketing ye vrèman
* Evolisyon maketing nan mond modèn nan
* Kijan pou analize yon mache ak kliyan yo
* Estrateji STP (Segmantasyon, Sib, Pozisyonman)
* Marketing Mix (4P yo)
* Estrateji pri ak kominikasyon
* Kijan pou fè etid maketing
* Konpòtman kliyan ak satisfaksyon kliyan
* Lwa 80/20 nan maketing
* Sekrè antrepriz ki reyisi yo
* Kijan pou itilize maketing pou devlope yon biznis oswa yon pwojè pèsonèl
Fòmasyon sa a adapte pou :
* Etidyan
* Antreprenè
* Pwopriyetè biznis
* Kreyatè kontni
* Moun ki enterese nan biznis dijital
* Nenpòt moun ki vle konprann maketing nan lang kreyòl
Fòmasyon 100% an liy
Aksè sou telefòn oswa òdinatè
Fòmasyon an lang kreyòl
Sètifika disponib apre validasyon fòmasyon an
Aprantisaj fleksib selon orè pa w