PALE PÒTIGÈ KON RAT
Pale pòtigè pa difisil, jan yo di a. Pale pòtigè kon rat, se yon liv ipèpoliglòt Joel Charleston pran san li pou li ekri, adapte li selon nouvo òtograf lang pòtigè a ak kreyòl la. Ou pa bezwen ka ekri A nan fèy malanga an pòtigè. Mwen pa ekri liv la pou mwen enpresyone pèsòn. Si ou byen li liv saa, lang pòtigè a ap fasil kon dlo. Liv sa a ap moutre ou, oryante ou, fè ou vin pi fò, fè ou pale pòtigè kon rat. Mwen gen tout volonte pou m fè sa pou ou, men ou menm, fòk ou vle tou. Donk, ou ka fòse bourik janbe dlo, men ou pa ka fòse li bwè dlo.
Èske ou vle ? Fè yon tikout pye avèk mwen pou ka dekouvri sekrè ki anpeche ou maspinen pòtigè a.
Mostrar mais
